Mwen gade si tout enfòmasyon pi wo la yo kòrèk, epi mwen byen konprann, lè mwen konplete fòmilè sa a, sa pa garanti mwen yon plas nan yon lekòl. Mwen byen konprann tou, mwen pa kapab enskri pitit mwen an san dokiman kòrèk yo mande sou adrès yo, epi mwen ka depoze yon sèI aplikasyon pou chak timoun.
Mwen byen konprann tou, se responsablite mwen kòm Paran oswa Responsab legal, pou mwen fè lekòl la konnen tousuit si gen nenpòt chanjman nan enfòmasyon mwen bay yo.
Mwen konprann nenpòt fo deklarasyon ka lakòz yo pèdi plas pitit mwen yo.