Enfòmasyon pou Paran/Gadyen ki ap Enskri Elèv yo pou Somerville High School Pwosesis enskripsyon pa konplè pou jiskaske ou bay tout dokiman yo mande yo ak lè ou bay enfòmasyon medikal ajou.Souvan gen reta pou jwenn papye lòt sistèm lekòl yo ap voye vini, yon espesyalis enskripsyon ap twòp kontan pou travay avèk ou pou jwenn nenpòt dokiman ki manke yo pou lòt lekòl yo voye. Espesyalis Biwo Enskripsyon ap édé ou jwenn ak sekirize tout papye yo epi édé ou ak nenpòt pwoblèm ou genyen pou bay tout papye nesesè yo. Registrar SHS la ap revizé Relvé de not yo ak kredi yo pou klas y’ap plasé w la. TANPRI NOTE: Klasman nouvo elèv yo pou Lekòl Segondè Somerville la depann de valè kredi yo akimilé totalman, men ki pa klas yo ou te ye aktyèlman. Keksyon konsènan klasman, akademik yo ak/ouswa orè, ap fèt nan premye jou reyinyon nan Lekòl Segondè Somerville la avèk konseyé lekòl la. Enskripsyon an ap kòmanse epi fini nan Biwo Enskripsyon. Yon fwa Espesyalis Biwo Enskripsyon enfòme nou ke katab enskripsyon elèv yo konplè: • Y’ap mete enfòmasyon sou sistèm data nou an, epi y’ap deliver katab la nan high school la.• Aprè Anplwaye high school la resevwa epi pwosès enfòmasyon nan katab la yon konséyé pral kontakte w pou pran yon randevou pou rankontre ak pitit ou a pou revise relve nòt yo ak seleksyon kou yo epi kreye orè.Nou eseye pou fè pwosès la kòm efisyan epi posib, men si ou pa resevwa yon apèl ki sòti nan Depatman Konséyé SHS aprè kèlke jou, tanpri rele Biwo Enskripsyon nan 617-629-5670. Tanpri pa rele Somerville High School la.Edikasyon Karyè ak Teknik (CTE)Enskripsyon pou Pwogram CTE SHS la baze sou plas disponib.Elèv yo ki Bezwen yon Evalyasyon Lang:Si premye lang elèv yo PA Anglè, Espesyalis Biwo Enskripsyon ap baou yon evalyasyon pwofisyan lang Anglè pandan enskripsyon oubyen y’ap mete yo randevou pou yon dat nan fiti. Enskripsyon Pa Konplè pou jistan evalyasyon lang nan konplè.Elèv 16 Zan yo ak Pigran:Kèk elèv gen dwa pa gen ase kredi pou yo gradye vè laj 22zan. Tout elèv 16 zan epi pigran yo pral revize yo endividyèlman pou yo konsidere enskripsyon an avèk plasman. Lekòl Segondè Somerville pa kapab garanti enskripsyon pou jiskaske tout lòt pati ki patisipe yo rankontre epi yo pran yon desizyon. Yo pral fè tout efò pou baou resous adisyonèl. Pwogram OBJEKTIF Pwogram OBJECKTIF elèv yo ofri yon pathway altènatif atravè diplom high school la. Pwogram sa se opsyon prefere pou elèv yo ki fèk ap Aprann Anglè anwole nan high school la lè yo gen 17 a 20 an ak 3 ouswa 4 an kredi yo ki anreta konparativman ak kondisip high school tradisyonèl yo. Elèv GOAL yo kòmanse karyè yo nan Somerville High School la, kote yo benefisye enstriksyon klas ESL debitan menjan ak fondamantal matematik ak kou syans yo. Elèv GOAL yo nan SHS entegre avèk elèv SHS epi yo pran kou yo nan katalog nan chak depatman. Yo patisipe tou nan GOAL Seminè pou sipò akademik ak sosyal/emosyonèl menjan ak bati yon kominote ak planifye tranzisyon. Elèv GOAL yo nan Somerville High School resevwa sipò adisyonèl atravè orè fleksib, epi ògmante ane eskolè a avèk yon konponan klas pandan été, ki anvlope sèvis sipò yo. Aprè sa yo transféré pou SCALE “(Somerville Center for Adult Learning Experiences)”, elèv yo kontinyé preparasyon akademik yo nan Lang Anglè,Matematik, ak Byoloji pou yo kapab pase twa egzamen MCAS yo. Finalman, elèv yo konplété Pwogram Diplòm Adilt la (ADP) pou yo kapab resevwa diplòm lekòl segondè yo. Filozofi pwogram nan se pou elèv jèn adilt yo kapab reyalize OBJEKTIF yo atravè anviwonman Objektif, Dyalòg Ouvè, Preparasyon Akademik Epi Pratik Langaj.